ISTWA CHAPEL LA
Pè lazaris yo k’ap travay nan pawas Meday Mirakilez nan
komin Taba-a te fè plizyè tantativ kanpe yon chapèl nan kominote karade-a pou
ede kretyen katolik yo viv e makonen lafwa yo pi plis nan Jezikri. Toujou konn
gen lamès nan kay fanmi yo, reyinyon lapriyè, apostola. Tout moun zon nan te
toujou reve gen yon chapèl pou rasanble selebre lafwa yo nan Bondye lavi-a.
Rèv sa-a
pral komanse yon reyalite swit a terib katastrof ki te bwase bil peyi nou
Ayiti, sitou kapital la, tranbleman tè 12 janvye-a. Nan solidarite ak nou yon
pawas nan peyi Potoriko (Santísima Trinidad) te vle pataje ak yon pawas pa bo
lakay nou men, nan yon zòn kote k’ pa ko gen anyen ditou. Ak vizit yo te fè nan Pawas Meday la, Karade te enterese yo. Yo te vle komanse patisipe nan bay timoun manje
nan yon kan. Se te nan mwa fevriye 2010, apre yon vizit nan kan Tè Wòch, pè
Fredy te kanpe yon tant ak konkou kek jèn nan kan-an pou te reponn a sa fidèl
pawas Saint Tinite yo te vle, ki te koresponn a pi gwo rèv li menm tou li te
gen nan moman-an: BAY TIMOUN MANJE.
Touswit li te kanpe yon
komite ak moun byen devwe nan sevis sa-a nan kominote kolofe. Nan tèt pè-a depi
nan moman sa-a se te chapèl la. Aktivite bay manje nan tonèl la nan kan-an t’ap
mache pandan te toujou gen selebrasyon lames lakay yon fanmi ki te bay espas
lakay li pou sa (Mme Djo). Nan selebrasyon lamès sa yo nou te toujou ap lapriyè,
chache bwase lide. Pè-a vin pwopoze yon misyon pou semen Sent tout moun te
kontan lide-a. E, misyon an te reyalize nan kan-an ak tout
anviwon-an. Ak konkou komite-a e yon gwoup senbolik nan kan-an, G-12, tonèl la grandi, nou komanse pale
de chapèl.
Fidel yo vin komanse fè jèn chak madi nan kan-an pou mande Bondye mizerikòk e
remèt pwojè yo nan men-l’. apre misyon-an, lamès nan kay yo vin komanse selebre
nan Kan-an ! Avèk plis moun ki rasanble, nou fè tonèl la pi gwo toujou.
Pawas Potorico-a te kontinye bay ti patisipasyon l’ pou bay timoun yo manje. Ak
ti èd sa, nou te pwofite prepare kay la pi byen e, pè kire pawas la vin bay
otorizasyon pou selebre lamès dominikal e se te nan mwa oktob 2010 nou te gen
premye lamès dominikal ki te ranpli moun.
nou te toujou selebre nan chapèl karade nan kan-an men li
pat gen non. Apre plizyè siy, Kominote-a dedye a Sacré-cœur de Jésus !
Se konsa nan konteks sa-a, nan yon abri pwovizwa, yon chapèl pran nesans. Tout gwo evenman ki boulvese kan
sa-a, legliz la avèk pè k’ap akonpanye nou toujou reponn prezan. Nan 3 denye
inondasyon ki sot ravaje kan-an, sitou nan dat 6 jen-an ke nou wè konsekans yo
jis jodi-a, nou menm tou se pa mirak nou te sove nan chapel la.
Nou nan abri pwovizwa men nou pa pwovizwa. Travay Jezi
konfye nou-an se tout tan san poze. Kounye-a n’ap travay pou nou rive gen yon
kote ki fiks, chapel la bezwen grandi, li bezwen devlope pou kontinye reponn a
misyon evanjelizasyon-an. Se déjà yon appel pou tout moun ki kapab pote kole
pou ede nou…..
No hay comentarios:
Publicar un comentario